| | Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun k ap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin! Kreyòl se lang peyi Dayiti ak anpil lòt peyi sou la tè. E se yon lang tankou tout lang. Menm si moun ki manke bon sans pa dakò. Menm si moun ki gen twòp prejije ak moun ki genyen anpil inyorans blayi nan kalbas tèt yo pa fin dakò : kreyòl rete you lang! Menm si yo di li pa gen ni gramè ni leksik ni diksyonè ni akademi, la syans rekonèt li pou yon lang. Repwòch sa yo rizib anpil! Nan tèt kole avèk lasyans, nou angaje noun nan travay sa a pou nou analyze tout kritik dwat e gòch ki fèt sou lang lan. N ap genyen pou nou moutre, selon jan lasyans wè sa, kreyòl se yon lang menm jan ak tout lang. Nan okazyon jounen mondyal lang kreyòl la, nou kwè yon travay ''chèche konnen konsa'' gen tout enpòtans li. Kesyon gramè an Kesyon gramè an osinon pwoblèm gramè an se yon fo pwoblèm. Si yon lengwis ta vle repwoche kreyòl la yon feblès, se tout lang lengwis sa a ta dwe repwoche. Avan nou antre nan nannan koze an, nou dwe poze tèt nou plizyè kesyon. Èske se lang ki fèt avan gramè oubyen gramè avan yon lang? Èske règ gramè yon lang se nan yon liv li chita avan li koumanse yaya kò li nan tèt moun k ap pale lang lan? Kesyon sa yo gen repons. Lang trennen gramè dèyè li tankou you manman poul k ap mache grate ak pitit li dèyè do li. Ekzanp lang fransèz la ka pwouve sa nou di a. lang sa a, yo rive jwenn tras li oubyen fè konesans avèk li nan lane 842 (IXe syèk). Pou kreyòl la te rive jwenn yon estati lengwistik, yon estati sosyal ak yon estati politik, lang sa a tann plis pase sèt syèk avan sa te fèt. Pawòl gramè an, moun ki gen bil sou kè yo kont kreyòl la pa janm sispann pale l. Men se yon ti jwèt. Tout moun k ap reflechi konn sa: lang fransèz la tann plis pase uit syèk avan li te resi genyen yon gramè ki pat pi bon pase sa. Li pat pi bon pase sa paske grameryen yo te kwè yo te gen dwa fè règ gramè yo tankou yo fè yon lwa sosyal. Gran savan yo di: mesye sa yo te wè lang lan ak yon konsepsyon jiridik. Sa vle di règ gramè an se te yon presèp. San nou pa antre twò fon nan twou je listwa, kite nou di ou sa byen. Se te nan lane 1635, yon gwo zouzoun nan leta ak nan legliz la, yo te rele Richelieu te fonde akademi fransèz la. Se te nan lide pou te pwoteje lang lan epi bali plis jarèt nan fason y ap pale li ak nan fason yo t ap ekri li. Akademi sa a te gen twa gwo chaj sou zo do li : a. Fè yon gramè; b. Fè yon diksyonè; c. Fè yon trete retorik. Akademi an ki te rasanble tout tèt ki te pi byen fèt nan peyi Lafrans, te pran plis pase twa san swasant lane pou yo te sèlman fè yon gramè ak yon diksyonè. Men se pat pi bon gramè sa a te pi bon pase sa. Gramè premye ti mèt lekòl "Port-Royal" yo te pi bon pase gramè sa a. Menm jan an tou, diksyonè Vaugelas te fè a, te pi bon pase diksyonè akademi an. Kanta pou trete retorik la, li toujou rete kwoke nan pasaj. Sòti nan lane 1635 pou nou rive nan lane 2008 la, sa fè plis pase twa san swasantrèz lane depi n ap tann trete retorik akademi an. Ki lè l ap fin fèt? Pa gen moun ki ko konnen! | |
Ecrire un commentaire